Lekòl nan milye rekile yo an Ayiti

Lekòl nan milye rekile nan peyi Dayiti difisil anpil, akoz moun yo manke mwayen pou peye pou ti moun yo zòn kote Leta pa jan m rive. Safè paran yo pa bay twòp enpòtans nan mete ti moun lekòl. Yo plis fè yo fè lòt travay domestik sa fè ti moun yo vin tonbe nan fè move bagay. Kèk fwa, men m pou manje, sa ki vin fè responsab yo manke mwayen pou fè gwo lokal ki byen ekipe. Se yon bann lekòl nap kolabore avèk yo ki nan sitiyasyon sa yo.
Kèk fwa, Lè timoun yo finn mache 8 a 10 kilomèt yo pote soulye yo nan men yo pou yo kapab rive lekòl la sitou lè lapli tonbe. Pikan konn pike yo, yo konn kase zòtèy pye yo nan wòch, paske se nan men yo pote soulye yo. Se toujou sou wòch ak moso bwa timoun yo chita se sa ki konn fè senti yo deranje lè moso bwa yo kase anba dèyè yo.
Nou espere pou timoun yo ta viv tankou moun epi pou yo gen yon edikasyon de kalite. Men pou sa fèt, nap bezwen moun ki gen volonte pou sipòte timoun yo. Si nou ta jwenn kèk parenn pou sipòte yo, sa ta fè nou gran plezi. Nou espere pa lontan, sitiyasyon timoun sa yo va chanje avèk sipò Oganizasyon moun kap ede yo. Sa ap retire yo nan sitiyasyon yo ye a.